GVINO denonse zak kidnapping ki fèt sou plizyè moun sou wout Ti Bwadòm lan nan lannwit lendi 12 desanm 2022 a

866

12-13-2022

Pòdpè, Ayiti ____(TriboLAND) Nan lannwit 12 desanm 2022, plizyè moun kidnape abò yon pickup ki tap soti nan depatman Latibonit pou antre nan Nòdwès. Pami moun sa yo, gen plizyé komèsan ki tap sot achte machandiz san konte yon manm GVINO-HAÏTI.

Jimsky Rolph Eugène, Kòdonatè adjwen GVINO-HAÏTI trouve li anba men ravisè yo ki lokalize nan zòn Ti Bwadòm, yon zak kidnapping responsab GVINO-HAÏTI yo denonse ak tout fòs yo, pandan yo mande liberasyon Jimsky ak tout lòt moun ki avè-l yo.

Daprè Kòdonatè GVINO-HAÏTI a, Dr Berly Geneus, Jimsky se yon jèn pwofesyonèl ki deside rete nan peyi a, malgre mizè ak peripesi. Yon jèn gason ki angaje-l pou sèvi kominote li atravè divès aksyon sosyal. Divès sitwayen nan site Kapwa Lamò a plenyen de pasivite Lapolis nan Nòdwès, ki pa janm prezan sou wout la depi plizyè mwa, sa koz popilasyon an livre bay bandi kap opere sou wout la.

Daprè enfo ki rive jwenn TRiboLAND, depi aprè lanmò Antony Dumas, polisye yo pa sispann egzjije bon kondisyon travay e menm machin blennde; sepandan, jis kaprezan, Direksyon Jeneral PNH la pa janm mande ki mò ki touye Lanperè.. 

Comments are closed.