Minis agrikilti a, agronòm Aubourt Marcelin ak manm kabinè li vizite travay enfwasstrikti agrikòl yo nan kèk komin depatman Grandans lan.

136
0
Share:
TRiboLAND

07 – 29 – 2026

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Minis agrikilti a, agronòm Aubourt Marcelin ak kèk manm kabinè li vizite plizyè travay enfrastrikti agrikòl ki tanmen nan plizyè komin atravè Grandans lan. Vizit chantye sila yo, antre nan kad pwojè agrikilti rezilyant ak sekirite alimantè (PARSA) a; yon pwogram ki finanse pou montan senk milyon dola ameriken e ki kouvwi rejyon Grandans avèk Nip.

Daprè minis Aubourt, yonn nan objektif pwojè a se konstwi wout riral yo ki relys : komin – Bomon – Jeremi – Wozo Koray, ak Pestel an bann beton idwolik; konsa, sa ap fasilite pwodiktè agrikòl yo dekoule pwodwi yo sou mache ki apwopwiye yo.

Minis agrikilti an, agronòm Aubourt Marcelin pat senpleman vizite chantye enfwastrikti agrikòl yo, men se te yon okazyon pou minis lan vizite travay baraj sous Ipolit nan nevyèm seksyon kominal Fon Wouj, Tòbèk yonn nan sous dlo kap desèvi kominote jeremyènn lan.

Share:

Leave a reply