Shenzhen: Lachenn entèdi moun manje chyen avèk chat apati 1 Mé 2020

0 318

Shenzhen___(TRiboLAND) Yon vil ki rele Shenzhen nan peyi Lachenn entèdi moun manje chyen avèk chat. Desizyon sa se youn pami yon pi gwo entèdiksyon sou konsomasyon ak echanj bèt sovaj ki te enplemante depi 24 Fevwiye dènye nan kad sekirite sante piblik.

Otorite Shenzhen yo deklare ke entèdiksyon sou kesyon manje chyen avèk chat la ap antre an vigè apati 1 Mé 2020, dapwè sa Shenzhen News rapòte. Entèdiksyon sa yo pa regade zanimo tankou: kochon, bèf, mouton, bourik, lapen, poul, kana, ak zwa. Anpil chèchè kwè ke pandemi Kovid-19 la te kòmanse pran jarèt nan Huanan, yon mache pou bèt sovaj nan Wuhan.

Yon parèy desizyon bò kote otorite chinwa yo eksite divès gwoup kap defann zanimo selebwe an gran panpan.

Leave A Reply