Sitiyasyon grangou vle pote ale pòv yo nan Azil komin Senlwidinò a.

802

.04-11-2023

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Sitiyasyon pòv yo ta sanble konplike nan Azil Senlwidinò a, selon say o konfime nan mikwo TRiboLAND.

Pou anpil nan group defavorize sila, se kèk fwa yon bon samariten pase pou ede yo jwenn kichwòy pou yo peze kè yo pou yo pa tonbe endispoze. Se nan lari yap tcheke pou yo jwenn yon lasibab pou souf la pa koupe.

Otorite legliz katolik yo kite konn lonje lamen ba yo, gen plizyè samdi yo pa jwenn lacharit. Kanta pou lameri se pi mal; kèk moun temwanye enstans sa pa sousye pou yo e pafwa yo menm fè yo enjistis.

Anpil fwa jèn gason mal entasyone nan lari a konn volè ti kichòy lòt moun ba yo. Gen nan yo ki gen pitit ki gaye tout kote nan lari a; kòmanse nan fè domestik moun ki pa rann kont soufrans yo.

Pòv yo ap mande otorite yo ak moun ki gen bon kè nan peyi Dayiti ak peyi etranje, ede yo nan fason yo kapab pou yo fè fas ak lavi difisil yap viv chak jou san espwà.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.