Léon Charles bat gro bravo pou agresyon profesyonèl polisye yo sou manifestasyon 18 novanm 2020 an

242

11\20\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nouvo Alatèt a.i PNH la, Léon Charles bat bravo pouk rim yon patrouy Brigade d’Opération et l’Intervention Départementale (BOID) lòske plizyè polisye kriminèl pase machin yo sou 2 militan ki te sou moto.

Léon Charles ki ta sanble ki pa grandi aprè ke li soti pase plizyè ane kòm anbasadè peyi Dayiti nan OEA pat manke felisite polisye yo pou fason ke yo bwitalman etèn souf manifestasyon opozisyon an alokazyon komemorasyon 217èm batay Vètyè a, mèkredi 18 novanm 2020 an nan Pòtoprens.

Pou anpil moun, deklarasyon Alatèt PNH la pa etone yo; sa tou senpleman montre ki jan demoun OEA asèpte genyen nan mitan yo. “Si yon moun swa dizan ki vante tèt li kòm moun ki fè anpil eksperyans nan dwa moun atravè enstitisyon OAE a ap arive fè deklarasyon tèrib sa yo; yon moun oblije kesyone ki kalite kriminèl ki anndan yon enstitisyon OEA a ki swadizan kap promote dwa moun sa,” daprè yon militan politik ki tap depoze.

Pou yon lòt kategori, se yon konpòtman kolon nèg ki pa depaman ak fason ke OEA abitye apiye tòsyonè nan peyi Dayiti.

Comments are closed.