Yon gwoup paramilitè peyi Larisi ap pare pou vin bay kout men, nan dosye ensekirite a nan Peyi Dayiti.

195
0
Share:
TRiboLAND

Prezan nan Peyi Venezuela ak divès lòt peyi nan amerik la, gwoup Wagner, deside bay yon kout men ak gouvènman defakto Ariel Henry a pou kwape bandi.

04-09-2023

Pòtopwens,ayiti_(TRiboLAND) Nan yon titan tou kout apre ajan FBI yo, te fin tande premye minis defakto peyi dayiti a, ki donk, Ariel Henry nan kad dosye asasinay ansyen chèf Leta peyi a, Jovenel Moïse, yon gwoup mèsenè rus fè konnen yo deja pare pou vin non sèlman rezoud kesyon zam ilegal kap bonbade peyi Dayiti a, men tou, pou pote yon solisyon ak fenomèn bandi a, si tout fwa dirijan yo manifeste volonte pou sa dapwè sa jounal anlyin “La question News” founi je gade sou, New-York Times, yon jounal ameriken.

Gwoup Wagner a, dapwè gwo revelasyon yo, se yon gwoup ki trè kosto, ki pa manyen anyen ki frèt, e ki fè prèv li sou tèritwa divès lòt nasyon tankou : Ikrèn, Venezwela ak nan kèk peyi nan Kontinan Afriken an.

Anpil kalkil ak gwo zèl kat jewopolitik deja ap fèt sou yon parèy dosye pou konnen, èske Etazini, Kanada, Frans pral remèt oubyen kite peyi Larisi pote yon solisyon sou ka Ayiti a? Yon dosye TRiboLAND ap suiv ak anpil enterè.

Nap raple ou, Larisi se manm entegrant òganizasyon Nasyon-Zini, aktyèlman se yo menm kap prezide Wo Konsèy Sekirite LONI an, pou yon peryòd yon mwa.

Share:

Leave a reply