PNH la ap pran kou pou yon inyèm fwa ankò, gang Ti Makak la arive asasine 3 polisye

1,015

04-09-2023

Lwès, Ayiti ___(TRiboLANd) Bandi sangwen, sou lèl Ti Makak la, kontinye ap anfale PNH la mòtèlman. Twa polisye ki te afekte nan sou-komisarya Tomasen an, tonbe anba bal kriminèl posede ki fè pati group gang Ti Makak la, jodi dimanch 9 avril 2023.

Pierre Paul Junior Dorcey, Nicolas Robenson ak Fortilien Medèze se non twa vanyan polisye ki viktim nan yon zatrap bandi, daprè Lionel Lazarre youn nan manm Synapoha a.

Pèsòn pa epanye nan peyi isit, ata sila yo ki la pou asire sekirite. Machin ensekirite a kontinye ap fè viktim nan kan popilasyon an, anba je yon seri vwayou dirijan ki danse kole ak mouvman gang lan.

Comments are closed.