Atis Don Roro lanse premyè edisyon Konkou Rara nan vil Pòdpè

04-09-2023
Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Atis Don Roro lanse premyè edisyon Konkou Rara nan Ri “Dumarsais Estimé”, zòn Gran Tiyo, vil Pòdpè avèk supò plizyè gro antrepriz.
Don Roro ak ekip li lanse aktivite sila, nan objektif pou pèmèt plizyè bann festivite ki patisipe resevwa kòm prim: 50 000 / 25 000 / 10 000 Goud, respektivman pou banm ki soti premye, dezyèm ak twazyèm; jan li te anonse li sou paj Facebook li, kèk jou avan.

Malgre kritè kap defini kalifikasyon bann ki genye yo pa devwale. Aktivite a, ki te prevwa pou 7,8 ak 9 avril finalman lanse jounen samdi 8 avril la. Tout dispozitif te pran pou prepare pandan jounen an: stand, ekleraj, sonorizasyon ak aksesibilite zòn nan pou aktivite yo kapab byen reyisi.
Moun Gran Tiyo, akeyi yon parèy aktivite avèk anpil antousyasm e kontantman. Te genyen yon fèb prezans lapolis, selon konsta yo; sepandan, patisipan yo te rete byen pèzib pou danse e pran plezi yayad yo.
Pou premye soti a, pat genyen anpil moun ki te mete tèt yo deyò; men nou ta ka di se yon reyisit pou komite òganizatè a. Divès moun nan zòn lan pwofite aspè ekonomik yon parèy konpetisyon Rara, ki pote ti lamama nan pòch yo.





