Pòdpè ap òganize kanaval 2023 sou tèm “Ann sove Pòdpè”

1,346

02-09-2023

Pòdpè, Ayiti (TRiboLANd) Nan yon kominike pou Laprès Mèri Pòdpè rann piblik jodi jedi 9 fevriye 2023, ke l’ap fè anpil bwàs pou òganize abyans Kanaval yo apati 19 pou rive 21 fevriye 2023 a.

Konsa, selon diferan antite ki konsène nan nivo planifikasyon yo, abyans festivite kanaval yo ap fèt ane sila, sou tèm “Ann sove Pòdpè”, daprè responsab yo ki mete anpil anfaz sou yon parèy manifestasyon ki promote valè kiltirèl ak touristik. Nan sans sa, otorite munisipal yo mande sipò Laprès nan yon parèy sòlòkòtò aktivite madigra.

Responsab mèri site Kapwà Lamò a, tou pwofite prezante yon komite 5 manm ki gen responsablite òganize kavanal la, ki gen ladan’l:
Herby Woolff Mortimer, Presidan
Erlande Pierre, Responsab lojistik
Vacneur Cedieu, Responsab Kominikasyon
Guerdy Gertin, Responsab Atistik
Jenny Joanne Metayer, Sekretè

Komisyon Minisipal la swete tout moun Jwaye kanaval. Pa gen oken eksplikasyon ki bay sou konbyen lajan ki ta disponib pou kanaval la, pandan nap raple-w ke fatra fè 2 pou 15 nan site Kapwa Lamò a, pa gen oken siy ki pwouve swadizan otorite minisipal yo egziste. “Antouka, tankou jan sa toujou fèt, se lè rekòt la; se lajan kap lave; e se Madigra Malongon kòriptè ki vle trennen moun serye nan labou fatra”, daprè yon sitwayen ki rele Jeanty kap viv nan sant vil Pòdpè.

Comments are closed.