Gwo estrikti mete sou pye pou kwape ensekirite a nan Fòlibète daprè majistra vil la.

1,482

07-17-2022

Fòlibète, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ajan enterimè komin Fòlibète a reyalize nan weekend nan, Mesye Étienne Louis-Jacques alyas “Tibouki” deklare li monte yon estrikti pou pèmèt li gen kontwòl vil la nan domèn sekirite nan tèt kole avèk lapolis ak lajistis.

Nan yon kominike li fè sòti, Tibouki pran divès mezi pou rive kontwole tout ale vini kap fèt nan komin Fòlibète a. Kominike sila lage obligasyon sou tout moun kap vizite vil la kapab idantifye yo.
« Moun sa yo dwe di nou ki misyon yo nan komin nan e ki kantite tan oubyen jou yo ap pase ladan’l. Si nou jwenn yon moun ki pa gen pyès pou idantifye l, nap remèt li bay lapolis jidisyè pou swit legal yo. Paske tout sa nap fè dwe konfòm avèk lalwa», majistra Tibouki ki tap depoze.

Majistra Tibouki kontinye pou l di, akoz vil la piti, nenpòt lè li ye, lap akonpanye tout etranje li jwenn nan vil la nan lè 11è nan aswè pou mennen yo nan otèl oubyen yon lòt espas kote yo prale. Avan etranje sa yo kite vil la, moun sa yo oblije pase nan Meri a pou yo siyen yon dokiman kote yap anrejistre tout enfòmasyon ki nesesè tankou: kilès yo ye, ki adrès yo ak nimewo telefòn yo, elatriye.

« Mezi sa yo pran nan sousi pou pèmèt chak sitwayen, chak sitwayèn kapab viv nan komin nan san kè sote e fè tout aktivite yo san pwoblèm.

Li pwofite felisite komisè Gouvènman an nan depatman Nòdès la, Mèt Enaud Zéphirin ki se yon nèg serye ak sevè kap fè yon gwo travay nan kominote a.

Jn Simon Manex

Comments are closed.