Jeremi ensekirite jeneralize, yon pwofesè antrepwenè blese anba bal bandi gravman grav.

1,015

04 – 06- 2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi ame san fwa ni lwa, debake yèswa lakay pwofesè Jackson Jean-Pierre, ki se alafwa yon komèsan ki genyen magazen pwodwi alimantè nan vil Jeremi. Jackson resevwa plizyè bal nan toraks, nan kou, ak nan vant li.

Fanmi viktim pwofesè Jackson ki te estime ka a te depase lopital Sen Antwòn, te oblije degaje yo kou mèt Jan Jak, pou mennen pwofesè matematik la al pwan pi bon swenyaj nan yon lòt depatman.

Lapolis ak lajistis nan Jeremi jouk nan moman nap pale a pako arete pèsònn sispèk nan krim sila, aloske kondisyon edikatè kritik e estab.

Pandan jou sa yo, machinn ensekirite jeneralize a pwan yon vitès “sauve qui peut”, nan yon moman patwouy lapolis yo totalman pa ekziste nan zòn sitou nan katye Kalas kote zak asasinay sa fèt sou pwofesè Jackson Jean-Pierre kap non sèlman fòme moun, men tou ki se yon antrepwenè.

Comments are closed.