Plizyè manm lapresse nan departman Sidès la, patikilyèman nan vil Jakmèl onore oratris Farah Jean Baptiste ki soti reprezante Ayiti nan peyi Lafans

09 – 17 – 2024
Jakmèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Aswè madi 17 septanm 2024 la, yon group moun patikilyèman jounalis lokal te akeyi mèri Jakmèl la prezans oratris Farah Jean Baptiste yon pitit vil Jakmèl ki soti patisipe nan konkou Eloquentia International nan peyi Lafrans.
Farah Jean Baptiste ki tap pran lapawòl, kèk ti tan aprè mo sikonstans kòdonatè “Golden Team Haiti” a e ki egalman prezidan Eloquentia Haiti, Walgens Jean Louis, te ankouraje jèn atravè peyi a pou yo kontinye pèsiste nan rèv yo jiskaske li tounnen yon reyalite. Li ankouraje yo tou pou yo pa tonbe nan debòch ki kapab kondwi yo nan chemen pèdisyon.
Nan yon fòma seremonyèl, responsab yo te reyèlman santi yo fyè pou ap pale de Farah e onore li pou sa li v oak sa li kapab ofri kòm jèn ayisyèn ki te arive reprezante peyi Dayiti an gran panpan nan konkou Eloquentia International nan peyi Lafrans.
Nan raple, Mèt Ronald Charles te youn pami vwa ki tap voye anpil gro konpliman ak lorye bay Farah nan moman seremoni onorifik sila, nan mèri Jakmèl la.







Félicitations
Tribolend port de paix MST
Bravo, gen talan wi la.
Triboland Mombin-Crochu