Plizyè Pòs Polis ki finn konstwi nan depatman Nòdwès la abandone

935

Plizyè pòs polis konstui epi abandone, alòske fenomèn ensekirite a ap vale teren nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan komin Pòdpè.

07-01-2023

Pòdpè, Ayiti________(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, direksyon depatmantal polis branch Nòdwès la, pran yon inityativ pou konstwi plizyè ti pòs polis nan divès zòn estratetij nan komin Pòdpè, malerezman yo pa janm fonksyonèl.

Enfòmasyon sa a rive aksesib, se gras ak yon vizit founi je gade, korespondan TRiboLAND yo rive fè, nan lokalite Nan Bouchi ak Boden, kote nou wè se sèl zannimo ak kretyen vivan kap pyafe nan espas sila yo ki swadizan la pou sekirite rejyonal.

Konstwi plizyè pòs polis nan divès zòn tankou : Boden, Nan Bouchi, Obè poun site sa yo sèlman; kite yo abondone san okenn materyèl ak polisye, se tèt koupe ak moun tèt cho oubyen se bwote dlo nan panye banbou.

 Kredi foro: Wilgens Devilas

Comments are closed.