Ench: Lapolis fouke 4 prezime kriminèl

1,065

12-28-2022

Ench, Ayiti_____(TRiboLAND) Daprè biwo kòdinasyon près PNH la, lapolis arive fouke 4 endividi nan moman yon operasyon tranble janm lendi 26 desanm 2022 a nan komin Ench, depatman Sant peyi a.

Selon otorite yo, genyen 3 frè ki genyen men sinyati ki arive arete pou vòlè ak asosyasyon malfektè; yo te desann nan otèl yon mannyè pou te arive poze aksyon kriminèl yo. Alòske lòt kriminèl tap evolye nan gro zak eskokri tout kalite, daprè responsab yo nan komin Ench.

Sylable Rémy 27 lane, Sauveur Talmas 54 lane, Fenel Talmas 43 lane, e Fenix Talmas 45 lane, yo tout soti nan zòn Pènye ak Jwanarya, lokalite Tè Kase. Prezime kriminèl yo nan moman sa, trouve yo nan gadavu pou swit nesesè, aprè entèpelasyon.

Comments are closed.