Anmwey Gras Amizerikòd! Regwoupman gang “Viv Ansanm” vide yon ti bebe tèt anba nan yon kastwòl dlo bouyi.

802

04 – 21 – 2024

Kafou- Fèy, Ayiti____(TRiboLAND) Bagay yo vrèman dejenere nan zòn Kafou-fèy. Bandi yo lage Madam Landie, yon pèsonaj ki genyen plizyè rekòt kafe sou tèt li nan yon veritab touman.


Regwoupman gang “Viv Ansanm” nan zòn Kafou-Fèy, patikilyèman nan zòn Savann Pistach, debake lakay madanm nan, yo boule rapyetè, yo lage yon ti bebe yon lane tèt anba nan yon kastwòl dlo bouyi, san konte yon neve Madanm lan yo touye sou plas.

Madam Landie ki lage 2 bwa balanse nan lari a ki pa konnen ki sen pou li rele, lanse yon apèl ak tout enstans konsène yo sitou, pou yon dènye ti gason ki te tout li, ki rele Wendy Jean, ki sòti li pa rantre.



Comments are closed.