Fondasyon TRiboLAND klotire 3 jounen fòmasyon gratis pou jèn yo nan komin Ench

Ench, Ayiti______(TRiboLAND) Toujou nan sousi pou anpeche delinkans jivenil ak pwostitisyon ak aktivite gang fè ladènye sou jenès ayisyèn nan, Fondasyon TRiboLAND klotire 3 jounen fòmasyon gratis sou serigrafi nan komin Ench.
Pou anpil obsèvatè, se yon reyisit; plis pase 82 jèn ki te soti nan zònn tankou : Basen Zim, Layay, Sapatè, Morik e Panzyasou, pap manke afiche enterè ak angajman ki te defini anbisyon yo nan abilite manyèl. Gras ak devouman yon ekip TRiboLAND, ki deside ankadre jèn yo e fasilite ti kichòy ekonomik antre pòch yo, te fè fas ak gwo nosyon serigrafik nan yon nivo pwofesyonèl.
Fòmatè Robenson Cadeau, ki pase prezantasyon, te bay tout sa li te genyen kòm konpetans, pou satisfè yon jenès ki te swaf konesans manyèl. Istwa serigrafi, Dekoupaj, Siblimasyon, Transfè foto pèsonalize sou yon latriye objè, te tradwi pi gro asèt aprantisaj la.
Avèk anpil antouzyasm ak kontantman, jèn yo te ekspwime rekonesans yo anvè responsab TRiboLAND yo, ki detèmine bay jèn atravè peyi Dayiti ankadreman grese sere nan zafè konpetans abilite san yo pa genyen pou peye senkòb. Nap raple, Fondasyon TRiboLAND deja delivre plis pase 60 fòmasyon gratis pou jèn yo atravè 10 depatman jewografik peyi Dayiti. Sepanda, komin Ench deja benefisye 3 fòmasyon gratis.






