Fè yon paspò, se moute yon kalvè ma swife pou nenpòt ki moun nan sosyete ayisyèn nan!

969

02-16-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi kèk mwa sa ki parèt nouvo anndan peyi a, se prezans foul moun agoch adwat, pil sou pil e pweske lajounen kou lannwit sitwayen ayisyen mase devan biwo imigrasyon, patikilyèman nan vil Jeremi.

Temwaj kèk ki nan liyn sila yo, esplike nan mikwo (TRiboLAND) ki veritab peripesi yon rankontre pou kouche yon paspò. Pou sitwayen sa yo se yon veritab “mizèrere”. Yo soti nan diferan rejyon atravè peyia tankou: Leyogann, Tigwav, Kavayon, Okay e latriye.

Genyen nan pèleren vwayajè sa yo, ki dòmi sou plas piblik, devan biwo sèvis la, yon fason pou wè koman yo kapab kouche yon paspò, pou jete yo nan peyi Etazini nan kad pwogram imanitè administrasyon Prezidan Joe Biden lan.

Moun sila yo selon enfomasyon, vann preske tout ti sa yo posede pou leve kouri pou mizè, ensekirite, vyolans gang ak politisyen ki detèmine pou efondre peyi a. Moun yo ale pi lwen pou fè konen menm lè yo rive rantre andedan biwo imigrasyon an, yo peye yon katafal magogo ki se senkant fwa lavalè ke sa leta mande a.

Fok nou fè remake, kliyan ki bezwen paspò a trè souvan ap achete yon tenb nan DGI pou 8000 goud, matrkil fiskal ajou, kat idantifikasyon nasyonal, ekstrè dachiv, ak 2000goud frè transpò pou responsab biwo Jeremi an ale pote yo Okay. Anpil fwa, sa rive pou moun kap fè demann ak renouvèlman paspò.

Kidonk, se posib aplikan paspò yo, kapab pran antan nomal 2,3 jiska 4 mwa pou jwenn paspò yo. Nan sans sa, vwayajè yo swete leta desantralize sevis yo, mete sevis adekwàt ki kapab akselere pwodiksyon ak livrezon paspò yo jan sad we ye.

Comments are closed.