Yon gro bandi kriminèl teworis pran nan nas lapolis nan Ench

2,560

05/03/2022

Ench____(TRiboLAND) Depi plizyè jou lapolis nan peyi Dayiti montre ke yo pap dòmi. Arestasyon nan divès zòn, fiziyad, konfiskasyon se yon ansanm eleman ki anbeli bilan PNH la nan dènye jou yo.

Selon dènye enfòmasyon yo ki vini jwen TRiboLAND, kriminèl teworis san fwa ni lwa, Pouchon kise kouzen Chen Mechan, apre li tap tante sove pou baz group gang sangwen 400 Mawozo, pat poze lapat souli, malerezman ta pral tonbe anba men fòs lòd yo nan vil Ench, epi prosede ak arestastyon yon parèy san sal.

Li enpòtan pou konnen, pouchon se yonn nan kriminèl baz Chen Mechan nan kwadèboukè, ki konstaman ap mete lavi moun nan Santo, Lilavwa, poun site sa yo sèlman an danje.

Comments are closed.