Bill avèk Melinda Gates ap divòse, dapwè sa yo tou 2 anonse jodi lendi apwèmid 3 me 2021 an sou twitter.

420

Medina, Wachennton________(TRiboLAND) “Apwè yon bon bout tan ap panse e travay sou relasyon nou, nou finalman deside mete yon fen nan maryàj nou”, dapwè yon deklarasyon konjwent mesye dàm yo mete deyò. Pandan 27 lane, nou elve twà jolo bijou timoun e konstwi yon fondasyon kap travay atravè tout planèt la yon fason pou ede moun viv an sante e viv yon vi pwodiktiv.

Nou kontinye pataje menm kwayans nan yon parèy misyon e nap toujou kontinye fè travay nou ansanm nan fondasyon an, sepandan nou reyalize ke nou pa kapab ap grandi ansanm ankò kòm madanm ak mouche nan pwochen chapit vi nou”.

Bill Gates, trè koni kòm ko-fondatè Microsoft, li te marye avèk Belinda Gates ki se yon filantwopis ak yon ansyen manajè pou Microsoft nan lane 1994. Yo tou 2 fonde  Bill & Melinda Gates Foundation, ki se yon òganizasyon pwive e charitab ki deja depanse plis pase 10 bilyon dola depi 2000. Pandan kowonaviris la, fondasyon an  investi pou pi piti $1.75 bilyon pou konbàt kovid-19 la. Kidonk, tout kòb sa yo ale nan pwodiksyon materyèl mekikal.

Bil Gates se youn pami moun ki pi rich sou tè a! Li plase katriyèm kòm moun ki pi rich sou tè a! Dapwè “Forbes”, fòtin Bill Gates estime a 124 bilyon dola. Li vini apwè Jeff Bezos, Elon Musk, ak Bernard Arnault e fanmiy kap jere LVMH.

Comments are closed.