Ansyen majistra komin Jeremi an Sylmatha Pierre plede anfavè respè dwa prizonye yo nan prizon sivil Jeremi an.

09 – 03 – 2026
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon vizit solidarite ak moun ki nan prizon sivil Jeremi an, ansyen majistra Sylmatha Pierre, egzije otorite jistis yo nan Jeremi, pou respekte dwa detni yo , sitou prizonye fanm yo kote ke kondisyon ijyènn yo pa respekte nan sèlil yo.
Ansyen majistra Pierre pa senpleman wè pwoblèm fanm ak ti fi yo nan prizon sivil Jeremi an, li fè eta plis pase twa jiska kat san prizonye ki anba detansyon prevantiv pwolonje otorite jistis yo akòz yo pa genyen relasyon politik ak ran sosyal. Konsa, bagay pou ta parèt devan jij natirèl yo, pa genyen bagay konsa pyès, daprè ansyen majistra a, ki tap depose.
Fas ak vyolasyon grav dwa prizonye yo nan sant kaseral Jeremi an, madam Pierre mande òganizasyon dwa moun yo, ansanm ak ofis pwoteksyon sitwayènn OPC pou founi je gade kòman fanm ak gason nan sistèm lan pwan plezi yo pou fè sak pi fèb yo abi.






