Tigwav: Avoka militan Erold Férus deklare li genyen gwo kè kase fas ak machin ensekirite a ki lage san fren ap touye moun nan peyi a.

971

04-03-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Mèt Erold Férus nan yon ti bat bouch ak TRiboLAND maten dimanch 02 avril 2023 a, deklare li genyen gwo kè kase fas ak machin ensekirite a li di ki lage san fren ap touye moun san rete atravè peyi a, espesyalman nan Pòtoprens..

Daprè Mèt Férus, ensekirite sila a, se yon pwojè byen kalkile pouvwa defakto Ariel Henry a ki nan konplotay ak kominote entènasyonal la pou ekstèmine pèp ayisyen.

Ekspè lwa, esplike sitiyasyon sa a lakoz popilasyon an pa kapab vake ak okipasyon li, e menm vin pi konplike pou abitan nan zòn rekile yo.

Toutfwa, avoka militan an, nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Mèt Erold Ferus mande popilasyon ayisyèn nan pou fè echèk ak pouvwa defakto sangwen, sanwont, sanginè, sanvègòy, san koutcha, san manman e kriminèl Ariel Henry a ki selon li, pa genyen volonte pou amelyore soufrans popilasyon ayisyèn nan depi anviwon 2 lane ap dirije nasyon an.

Comments are closed.