Nòdwès: visit Direktè jeneral SEMANAH a, Eric Prévot Junior

590

Pòdpè____(TRiboLAND) Yon delegasyon SEMANAH ki te gen nan tèt li Direkte jeneral la, Eric Prevot Junior vizite depatman Nòdwès la, maten Vandredi 24 jwiyè 2020 an. Vizit sa a rantre nan kad demach pou founi je gade nan ki kondisyon anbakasyon maritim yo ap fèt nan depatman nòdwès la.


Pandan visit sa, Mesye Prevot te gen opòtunite pou fè bat bouch ak divès otorite nan Leta a tankou: komisè gouvènman Pòdepè a, Me Jean Volney Bellamin, direktè depatmantal Polis Nòdwès la, Monès Auguste ansanm ak divès kaptenn bato ki te soti nan plizyè komen. Mesye Prevot te tou pwofite remèt yon “Kod Maritim” bay chak otorite ki se yon zouti enpòtan, daprè sa l di, nan kad travay SEMANAH.

Kaptenn bato Nòdwès yo

Chèf Pakè pódpè a, Me Bellamin Jean Volney ansanm ak direktè depatmantal PNH la, swete wè antite rejyonal SEMANAH a dote de yon bato sovgad byen ekipe nan pò a ki kapab asiste an ka detrès. Plizyè Kaptenn bato ki te fè deplasman t’ap koute avèk anpil enterè nouvo dispozitif sa yo sou “Kod maritim” nan ki konstitye yon valè ajoute pou enfrastrikti maritim nan ki nesesite anpil renovasyon.

Pou fini, yon parèy “Kod Maritim” pral pèmèt otorite konsène yo pi aktiv nan aplike ou fè respekte nòm ak regilasyon ki gen pou wè ak konsiyn maritim, neglijans maren ou otorite pòtyè e sekirite lavi pasajè sou dlo lanmè sale.

Saint Jean wiskis
3600 1195
4204 2561

Comments are closed.