Nan lide pou konekte komin Senlwidinò ak rès depatman yo, otorite minisipal yo demare ak yon seri travay san rete

885


04 – 30 -2024

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou rekonekte komin Senlwidinò ak lòt depatman yo tankou Nò ak Nòdwès, majistra Gaston Estima ak responsab yo nan travo piblik lanse yon kanpay travay san pran souf jounen madi 30 avril 2024 la. Travay sa kite kòmanse nan lopital Otrichen ap kontinye jis Rivyèba,pou fasilite popilasyon an vanse ak aktivite yo.

Majistra Gaston eksplike se volonte ak aksè ki manke bò kote moun ki gen materyèl yo ki rann popilasyon gen difikilte pou frekante wout yo; sepandan l gen devouman pou travay pou popilasyon nòlwizyèn an.

Majistra a pwofite okazyon an pou voye senpati l bay tout moun ki viktim anba gwo lapli sila. Li kontinye mande yo gade plis pridans, swiv konsiy meteyo yo ak pwoteksyon sivil pou anpeche gen pèt vi moun nan komin nan.

Comments are closed.