Asosiyasyon Jounalis Ayisyen yo kondane zak malonèt ki fèt sou radyo Zénith lan.

John Jean Jacques
02/01/2022
Pòtopwens______(TRiboLAND) Asosiyasyon Jounalis Ayisyen yo, kondane ak tout fòs yo atak ki fèt sou Radyo Zenit ayè lendi 31 janvye 2022 a.
Nan yon nòt ki pibliye jodi madi 1er fevriye a, Asosiyasyon ki reyini Jounalis Ayisyen yo kondane zak malonèt ke bandi sangwen ame fè sou Radyo Zenit ayè lendi 31 janvye 2022 a nan zòn Bon Repo ki twouve l nan komin Kwadèboukè. Bandi San fwa sa yo te atake ti komisarya ki te toupre e yo tap al pase polisye ki pote Joseph Dioc Blada a lenfinitif.
Jounalis yo fè konnen ke atak sa, li te deja anonse sa genyen enviwon 2 mwa, lè ke kèk manb nan gwoup gang ki pote non “400 Mawozo” a te menase pou boule ansann radyo sila a yon fason pou l te kapab gade silans.

Asosiyasyon Jounalis yo, fè yon rapèl yon fason pou montre ke se pa premyè fwa jan de zak sa yo repete. 19 mas 2019 Vladimir Legagneur disparèt apwè ke l te pran direksyon Gran Ravin nan objektif pou l tal reyalize yon repòtaj. Jedi ki te 6 janvye ki sot pase a la, nan kad yon repòtaj nan Laboul 12, yon komin nan Petyon Vil, Wilguens Louissaint ak John Wesley Amady te pase a lenfinitif. Yon fiziyad ki selon enfòmasyon yo, pote anpwent 400 Mawozo.
Pou fini, asosiyasyon a mande pou otorite konsène yo jwenn e arete mèt zak malonèt sa, epi voye bay lajistis. Yon lòt bò, li mande pou medya yo ak jounalis yo jwenn pwoteksyon yon fason pou yo kapab egzèse metye a jan sa dwe fèt.






