NÒT Pou ESPLIKE kisa bagay la ye tout bon

1,403


14 septanm 2022

Jodi a, mwn menm, N deside ekri nòt sa paske gen yon dosye kap fè aktyalite depi kèk jou sou rezo sosyal yo pou m esplike Opinyon Piblik la, kisa bagay la ye tout bon.

Pou listwa ak laverite, mwn poko janm chita pale ak Louis Jean Wilguens alias 50 danje, ni pale avèl nan telefòn pa menm yon jou.
50 danje (a.c) se nimewo 2 nan gwoup Gang ki tap evolye nan komin Senlwi Dinò kite gen nan tèt li, Levelt (a.c). Mesye sa yo boule plizyè kay, touye, kidnape anpil fanm tankou gason, ak anpil timoun nan plizyè operasyon yo konn ap mennen. Yo te konn taye banda jan yo vle.

50 danje (a.c) te rantre lakay Pastè “Job Hyppolite” a 1hr nan maten. Li tire sou pastè a kite blese pa bal e pastè a te tire sou li tou ki li menm (malerezman) pat mòtèlman blese. Yo tou 2, yo monte nan Lopital Beraca, la Pointe pou ale pran swen. Paske lopital Beraca pat vle kenbe 50 danje (a.c) ak minòt nan men, mwn fè transfere l nan Lopital “Immaculée Conception Port de Paix.”

Pandan lap kouri sou mwa edmi lopital, paske pat gen ase efektif polisye nan vil la pou veye l nan lopital la, mwn menm antanke Komisè Gouvènman, mwn fè yon manda depo pou li 7 novanm 2020. Sa ki fè mwn tou remèt li bay #APENA. Epi, mwn voye dosye a nan kabinè enstriksyon devan Jij pou enstwi dosye a. Donk, a pati de la, dosye a vin pa sou kont mwn ankò nan Pakè a. Sèl moun kite ka mande yon Men leve pou li, se tap Jij la, paske m te gentan retire dosye a nan biwo m, nan pakè… Epitou, mwn pa janm jwen chans rankontre 50 danje (a.c) fas a fas nan kabinè m poum tande l. Li soti Lopital Imakile, APENA tou transfere l nan prizon sou lòd kem te bay.

Map bay tout detay sa yo, se pou m pa fasilite la tach ak anpil gwo detraktè, gwo laboratwa kap sikile koze sou mwn, kreye tout kalite dosye pou sal imaj mwn apre plis pase 20 lane map bay sèvis nan Depatman an.

Mwn konnen Depatman an pa fasil, mwn konnen djòb Komisè a pa fasil e mwn jire poum toujou rete atache ak Prensip yo, Moral e Etik ki lye ak pwofesyon mwn, menm si sa deranje anpil moun ki panse m pral KANDIDA o Sena nan pwochèn eleksyon yo.

Dimanch 4 avril 2021, mwn te etone, sezi lèm aprann ke 50 danje (a.c) sove, evade nan prizon sivil PòdePè a, gran lajounen. S on bagay inesplikab, yon prizon ki gen plizyè polisye APENA kap siveye l maten kou lannwit kite yon deriv konsa poze.

San pèdi tan, mwn menm antanke Komisè, mwn mande APENA yon rapò konplè sou sak koz evazyon sa, nou pwodwi yon lòt rapò voye bay Ministè Lajistis sou menm dosye sa epi mete yon MANDA dèyè 50 danje (a.c) ak anpil chèf dakizasyon + Evazyon. Enspeksyon Jeneral laPolis la te pran mezi administrativ kont tout Ajan APENA ki tap travay nan jou sa.

Se avèk lapèn map tande, plizyè Medya Lokal e Nasyonal ki plis kwè nan fè buzz ke chache verite, pwofite de akizasyon yon chèf GANG ap fè pou sal plis pase 20 lane travay mwn yo, pou sal repitasyon m ak imaj mwn. Se pa posib sa. Politik ak Rayisman an rive two lwen mezanmi.

Mwn ekri Nòt sa poum fè tout zanmi m, tout fanmi m, tout kolaboratè m, tout kolèg mwn, tout elèv mwn, tout Opinyon Piblik la an jeneral konnen kem pa gen ANYEN pou wè, ni de prè, ni de lwen nan kad Evazyon “Louis Jean Wilguens” alias 50 danje dimanch 4 avril 2021 an. E map raple se mwn menm kite mete manda dèyè l pou arete l pote ban mwn nenpòt kote yo te kwaze avèl nan Peyi a. E se yon kontantman pou mwn, lèm aprann ke yo arete endividi sa ki rele tèt li 50 danje, kite di lap bwè kleren nan zo kokolo bwa tèt mwn akoz de Chèf li, Levelt, kite ke “mortellement blessé” nan kad yon Operasyon nou tap fè.

Moun PòdePè, moun Nòdwès, konte sou mwn, frap sa yo pap febli m, o kontrè, yo banm plis fòs toujou pou m konbat tout vagabon kap twouble lapè piblik nan peyi a.

Me Volney Bellamin JEAN

Comments are closed.