Van ensekirite a ap baleye e bay anpil lawouli nan komin Molsennikola.

1,167

Youselie Valmond, se non yon sekretè konpasyon nan komin Molsennikola, vòlè bare, kidnape e pote ale yon magogo lajan.

03-28-2023

Molsennikola, Ayiti___(TRiboLAND) Jounen madi 28 mas 2023 a, plizyè endividi ame, pote ale yon magogo lajan anba men, Youselie Valmond, sekretè yon konpasyon nan komin Molsennikola ki tap sòti nan vil Pòdpè.

Enfòmasyon kap sikile yo fè kwè, se mari sekretè a ki ta ka monte yon konplo ak divès lòt endividi mal entansyone pou kidnape pwòp madanm li.

Endividi sa yo kite twouve yo nan antre vil la, nan moman aksyon an,te arive brake yon fo zam sou Youselie a epi pete kouri ak yon bon valè magogo lajan.

Malchans pou malfwa yo, ta pral tonbe anba men popilasyon an ki pap tap dòmi epi poze lapat sou 2 nan prezime asasen yo, e remèt yo bay lapopo. Pou koulya 2 annafè sangwen yo ap reflechi e tann nan komisarya Molsennikola a, prosesif legal yo.

Comments are closed.