Nòvèj: yon ventèn moun disparèt nan yon eboulman tèren nan Oslo

407

12/30/20

Oslo, Nòvèj_____(TRiboLAND) Otorite nòvejyèn yo pa genyen oken nouvèl yon ventèn moun aprè yon dràm glisman tèren fwape yon ti vilaj nan nò Oslo, e ki lakoz egalman 10 moun blese gravman grav, daprè sa polis ak media nòvèj yo fè konnen.

Pou pipiti, 500 moun te oblije evakye kite kay yo e media yo rapòte ke eboulman an te touche plis pase 21 ekta e plonje plizyè kay nan Gjerdrum, yon vil ki estime a 5,000 abitan ki a 25 kilomèt kapital la.

Eboulman an koz plizyè kay plonje anba tè e jiska prezan sèvis dijans ak asistans defans sivil nòvèj  ak lame ap fè bras pou miltipliye evakyasyon yo. Antouka, jiska aprè midi a, yo pa arive an kontak avèk 21 moun daprè dènye rapò yo.  

Lapolis kalifye yon parèy glisman kòm yo katastwòf. “Sa fè nou mal anpil lè nap gade fason ke fòs nan lanati a ap ravaje Gjerdrum. Nou voye senpati nou bay tout moun ki afekte anba eboulman tèren sa,” daprè premye minis nòvèj la, Erna Solberg ki tap depose sou rezo sosyàl yo.

Comments are closed.