Yon sitting konte òganize nan Jakmèl kont ensekirite ak lavichè pou make 36 lane Konstitisyon 1987 la

951

03-28-2023

Jakmèl, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan yon nòt Patriyòt Sidès mete deyò jounen 28 mas 2023 a, li anonse yo pral foule beton an kont lavichè, vyolans, enpinite, ensekirite, kidnapping e koripsyon.

PATRIYÒT SIDÈS se yon platfòm ki reyini plizyè òganizasyon sosyal ak politik ki se : Coallition Haïtienne des Volontaires du Sud’Est (COHAIV Sud’Est), Verite pa Fasil, Òganizasyon Manm Militan Devwe Sidès (OMMIDSE), Òganizasyon pou Byennèt Kolektif (OKB), KLEREM, AHKP, ak PHEGUDES.

Misyon PATRIYÒT SIDÈS, se akonpanye pèp ayisyen an kap soufri, kap lite pou pote, nan bon tan kou move tan, vrè revandikasyon popilè yo. Sit-in nan ap dewoule nan Kafou sòti nan ang Avni La liberté ak Avni Baranquilla sòti 9è pou rive 11è nan maten.

PATRIYÒT SIDÈS di yo konte sou akonpanyman lapolis Sidès pou bon dewoulman sitting sila.

Comments are closed.