ROFJ lanse yon mouvman petisyon pou detèmine dezakò sou fenomèn ensekirite jeneralize a nan Jeremi.

535

03 – 27-2023

Jeremi-Ayiti (TRiboLAND ) Sou inityav regwoupman oganizasyon fanm yo nan jeremi (ROFJ), yon kanpay motivasyon ak sansibilizasyon bò kote tout kouch sosyal yo nan Jeremi, atravè yon petisyon pou di non kont tout fòm ensekirite.

Dapwè dirijan (ROFJ) yo ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND konplisite ak enkonpetans kèk manm nan aparèy jistis lan nan jiridiksyon Jeremi an, ouvri pòt pou bandi yo mennen operasyon yo san kè sote .

Ki donk, pou ansanm oganizasyon ki pwan inityav pou rekeyi siyati nan sosyete sivil lan, sa ap pèmèt kominote entènasyonal lan ki okipe yo de keksyon dwa moun, gouvenman an (CSPJ) elatrye kapab ede rezoud pwoblèm ensekirite jeneralize a nan Jeremi.

Comments are closed.