Okay Ensekirite: 4 moun mouri asasine nan mwenske yon mwa pami yo 2 komèsan byen koni.

928

03-27-2023

Okay, Ayiti ___(TRiboLAND) 4 moun mouri nan mwenske yon mwa pami yo 2 komèsan, se bilan zak ensekirite ki remonte nan vil Okay, depatman Gran Sid peyi a. Daprè deklarasyon komisè prensipal pakè jiridiksyon 3èm vil peyi a mèt Ronald Richemond, maten lendi 27 mas 2023 sou antèn youn nan radyo nan kapiltal la.

Chèf pakè jiridiksyon Okay la Ronald Richemond deklare zero tolerans ak tout bandi ki genyen zam ilegal nan men yo, swa yo depoze yo ou byen yo ale nan prizon, ou byen yo mouri.

Komisè Richemond presize se paske gen yon mank prezans lapolis nan yon seri pwen fiks nan vil la depi kèk jou ki lakoz fòm ensekirite sa a parèt sou yo nan depatman Gran Sid peyi a.

Toutfwa, komisè gouvènman pakè jiridiksyon Okay la Ronald Richemond, fè konnen otorite etatik yo pral chita pale yon fason pou yo defini yon lòt fòm plan sekirite pou depatman Gran Sid la.

JOICY Arnold

Comments are closed.