Tout manm ki konpoze KEP la demisyone an blòk

302

Pòtoprens____(TRiboLAND) Pwotestasyon nan dènye jou sa yo pa sispann fèt anndan peyi a pou reklame demisyon divès manm ki konpoze Konsèy Elektoral Provizwa.

Antouka, avèk anpil supriz, tout manm ki fòme KEP la, deside demisyone an blòk jodi vandredi 24 jwiyè 2020 an. Yon sitiyasyon ki voye yon sinyàl klè bay gouvènnman Jovenel Moise ki pa sispann afiche yon maladi fyèv elektoral pandan ke l’ap trennen peyi a nan labou nan tout nivo.

Nan yon lèt ke yo adrese bay chèf Leta a, konseye elektoral yo ki la depi dènye eleksyon yo ap touche lajan Leta, eksprime finalman san tèt cho prewokipasyon yo fas ak kriz k’ap miyonnen ou anglouti peyi a. Yo rete kwè pito ke se dyalòg ant diferan aktè ki dwe prime nan yon parèy konjonkti.

Comments are closed.