Lapopo mete dòmi nan je 2 manm gang Kanaan nan komin Tabar

1,007

03-26-2023

Tabar, Ayiti______(TRiboLAND) Nan entèvansyon lapopo byen bone maten an nan zòn Karade, komin Tabar, yo voye al dòmi 2 prezime manm gang ame ki tap rasone plizyè pasan jodi dimanch 26 mas 2023 a.

Bandi  sila yo ke lapolis konsidere kòm malfra kap opere nan Kanaan, te te genyen pistolè nan men yo nan moman yo tap toumante sitwayen pezib nan lokalite a. Konsa, yo te jwen ak zo grann yo, kote yo te arive blese mòtèlman.

Atak gang yo ap double chak jou ki jou; sepandan, sa pa anpeche lapolis miltipliye atak mache pran an pèmanans kont gang sangwen yo ki riske soulve gè sivil atravè peyi a.

Comments are closed.