Jovenel inogire yon aewopò 2B, 1320 X 80 pou vil Jeremi

403

Jeremi____(TRiboLAND) Tankou jan sa te prevwa jodi vandredi 10 jwiyè 2020 an, prezidan Jovenel Moise prosede ak inogirasyon aewopò vil Jeremi an.

Chèf Deta a te akonpanye Premyè Dàm nan Martine Moise e minis Travay piblik, transpò ak kominikasyon an san konte yon latriye osyèl kap feraye anndan gouvènman an ki te prezan yon fason pou dote depatman Grandans lan yon èpòt 2B ki reponn ak tout nòm entènasyonal yo.

Aprè plis pase 6 mwa fèmen, aewoga vil Jeremi an rive nan fen konstriksyon li. Yon aewodrom 2B dimansyon 1320 m X 80 m, pis aterisaj 1220 m an longè ak 25 m an lajè ki kapab akomode avyon Turbo propulser regional, yon reyalizasyon chèf Deta estime ki temwanye volonte li ak pwomès li te fè popilasyon Grandans lan.

Pou sèten moun kap bay ochan pou pouvwa, reyalizasyon yon parèy pwojè nan moman ki kritik sa, temwanye gwo volonte etatik lakay chèf Deta a.

Comments are closed.