Wout Pòdpè-Jan Rabèl, yon pwojè ki deja anonse agoni anvan menm li swadizan fini

47
0
Share:
TRiboLAND

09/27/2026

Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Wout Pòdpè-Jan Rabèl la, youn nan gwo pwojè enfrastrikti yo te prezante kòm yon etap enpòtan pou devlopman depatman Nòdwès la, ap soulve anpil kesyon sou kalite travay ki fèt la ak fason pwojè a ap egzekite. Gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a te mete aksan sou enpòtans kèk travay enfrastrikti nan peyi a, pandan li te prezante Nòdwès kòm yon depatman ki sou chimen devlopman. Men, sou teren an, sitiyasyon wout Pòdpè-Jan Rabèl la bay yon lòt imaj, sitou nan kèk zòn kote lapli ak sikilasyon deja kòmanse afekte eta wout la.

Pou anpil moun nan popilasyon an, lefètke yon wout an tè bati ap fèt nan mitan yon peryòd kote sezon siklonik la pote gwo lapli ak risk inondasyon ta dwe mande plis prekosyon nan planifikasyon ak ekzekisyon travay yo. Yon wout ki poko rive nan etap final li bezwen bon jan drenaj, konpaksyon ak mezi pwoteksyon kont dlo pou kapab reziste ak kondisyon klimatik yo. Sinon, lapli ka degrade travay ki deja fèt yo, ogmante depans reparasyon epi mete an dout dirabilite pwojè a. Se nan sans sa a kèk sitwayen ap mande pou responsab yo bay plis detay sou estanda teknik yo, kalandriye travay la ak mezi yo pran pou pwoteje envestisman an.

Nan yon depatman kote wout se youn nan prensipal pwoblèm devlopman ekonomik ak sosyal la, popilasyon an pa sèlman bezwen wè machin ap pase sou wout, men li bezwen enfrastrikti ki kapab dire nan tan. Sitiyasyon aktyèl wout Pòdpè -Jan Rabèl la ta dwe sèvi kòm yon siyal pou otorite yo pran mezi nesesè yo anvan pwojè tè bati a rive nan bout li. Olye pou yo sèlman prezante travay yo kòm prèv yon chanjman, popilasyon an ap tann rezilta konkrè, transparans sou itilizasyon resous piblik yo ak yon wout ki kapab vrèman amelyore kondisyon deplasman ak aktivite ekonomik nan Nòdwès. Gouvènman ka toujou chita sou fè pwopagann wout tè bati, men se nati a kap ban nou tout verite yo.

Se plis ke yon imilyasyon ak mank dega, lè PM Didier Fils-Aimé te anonse ke Nòdwès sou chemin devlopman avèk pwojè wout tè batik ap fèt, patikilyèman wout ki relye Pòdpè – Jan Rabèl. Sepandan, kèk kritik ap poze kesyon egalman, pou volim gaspiyaj lajan, opilans, ak resèt rakèt ou aktivite louch ou fòtin delwayal ki ta enplike kèt ansyen palmantè Nòdwès, yo te kapab kole zepòl pou dote popilasyon an yon wout modèn nan Ba Nòwès menm aprè manda yo.

Share:

Leave a reply