Pòt Pawòl pati politik “Innovation” an, drese yon tablo melankolik sou sityasyon peyi Dayiti.

632

Joseph Jean Wislet orijinè Guinodé, komin Jan-Rabèl, drese yon tablo kritik sou sò popilasyon ayisyèn nan, jounen vandredi 24 mas 2023 a.

03-25-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde ak korespondan TRiboLAND yo jounen vandredi 24 mas 2023 a, Pòt Pawòl pati politik inovasyon an, Joseph Jean Wislet, fè konnen peyi a pap gouvène. Akò sou akò, se nad marinad, peyi a fin plonje chak jou pi plis nan briganday falèz.

Ensekirite, kidnapping, bandi ap kontinye mete moun deyò, grangou, san konte sa ki pap travay se rezilta gouvènman tèt chat, vèsyon numewo 3 moun tèt san cheve yo anndan Peyi a.

Pou Pòt Pawòl la, sityasyon politiko-ekonomik ak sosyal peyi a vin vrèman mongonmen pou popilasyon an. Plede anfavè yon solisyon, orijinè Jan-Rabèl la, mande ak gouvènman defakto Ariel Henry a, sispann tete manmèl bèf la paske’l pa kapab ankò.

Peyi a pa pitimi san gadò nou pap kite’l pou yo. Viv Ayiti! Se viv yon demen miyò pou tout ayisyen!

Comments are closed.