Miragwan Ensekirite—Yon lòt prezime manm gang Kanaran pran nan ratyè Komisè Muscadin

724

03-24-2023

Miragwan, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin mete anba kòd aprè midi vandredi 24 mas 2023 a, yon prezime manm baz gang Kanaran, Accène Appolon.

Selon chèf pakè Miragwan nan, li rive fè kout filè sa a, se gras ak filati nan moman prezime mam baz gang Kanaran tap trese lèl pou rantre nan vil Jeremi.

Nap fè remake, sa fè 2 prezime bandi Komisè gouvènman pakè jiridiksyon an, Jean Ernest Muscadin arete pandan semèn nan, genyen youn ki blese mòtèlman avèk bal epi lòt la pou kounye la a, ap reflechi nan gadavi komisarya Miragwan nan an atandan pou al repon’n kesyon lajistis.

JOICY Arnold

Comments are closed.