Nèg ak zam kidnape 2 moun ak pote ale plizyè bagay Lakay divès moun nan yon lokalite ki trouve-l nan Obòy

1,032

02-08-2023

Bòy, Ayiti ___(TRiboLAND) Nèg ak gwo zam fanm fwa debake nan zòn Boukan Michel nan lokalite Dèchan, komin Bòy, depatman Nò. Bandi yo dechèpiye plizyè kay epi kidnape Luiceus Jean Jérôme ki gen anviwon 40 lane ak papa li ki gen anviwon 70 lane. Plis pase yon 10 bandi byen kagoule ap simen laterè e enflije rezidan yo move tretman nan rejyon. Yon sitiyasyon, ki genyen plis pase yon semèn.

Daprè divès sous TRiboLAND arive kontakte, se 2èm fanmiy ki sibi zak kidnaping nan yon sèl semèn. Zòn lan ki pa gen prezans lapolis depi kèk tan lage ozabwa. Azèk zòn lan ki te konn fè ofis otorite, oblije lage pye-l paske li pa sispann sibi menas ak pèsekisyon nan men bandi sangwen e san fwa ni lwa. Daprè yon pwòch fanmiy otaj yo, bandi yo poko antre an kontak ak yo e gen anpil enkyetid pou granmoun lan ki pa viv sante.

Se menm kad figi a egalman pou moun Nòdwès ki nan yon prizon dore, aprè gwo difikilte yo gen pou pase Ti Bwadòm, yo te toujou itilize wout Obòy kòm altènativ pou rive Okap ak Wanament. Zak kidnapping yo kòmanse gen sou wout Obòy la vin ogmante nivo enkyetid yo.

Comments are closed.