Komisè gouvènmen pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin konfiske yon machin blende nan dwan depatman Nip peyi a.

1,237

03-25-2023

Miragwan, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin konfiske yon machin Chevrolet nwa blende nan dwan depatman nip Peyi a, jounen vandredi 24 mas 2023 a.

Chèf pakè Miragwan nan, esplike se yon machin Chevrolet ane 2020, koulè nwa e akize de yon blendaj nivo 10, ki kapab reziste ak nenpòt kalib katouch, pandan l presize, se yon veyikil ki soti nan Miami, Floride.

Toutfwa, administratè pakè jiridiksyon Miragwan nan, Jean Ernest Muscadin esplike lap tann mèt machin nan vin reklame li, se pandan li ta swete se yon machin ki pou pwoteje mèt li, se pa pou gang ni pou fè zak kidnapping.

Nap raple, machinn nan antre abò yon batiman ki rele Charles Philomé chèmèt chèmètrès, ki toujou antre nan Miragwan. Machin genyen tout papye legal li ak non pwopriyetè a; li te blende nan Eta Jòdya nan peyi Etazini, li te verifye dabò anba siveyans Ladwann Tonton Sam

JOICY Arnold.

Comments are closed.