Resevwa 2 katouch nan pwatrin e nan bwa, Atis Atròs ap resevwa laswenyaj medikal.

769

03-23-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Atis Rockham lan, Atròs, resevwa aswè jedi 23 mas 2023 a, 2 bal youn nan lestomak ak yon lòt nan bwa, nan zòn Delma 75.

Selon Radyo Mega, atis la ta nan yon kondisyon ki kritik men estab e konsyan; sepandan, enfo yo ta sujere ke medsen nan yon lopital prive anndan kapital la ap fè bwas pou prokire li swenyaj ou entèvansyon medikal san pèdi tan.

Sepandan, yon lòt moun ki te akonpanye rapè ki te trè raproche ak ansyen prezidan Jovenel Moise, ta tonbe e mouri anba bal bandi sangwen.

Comments are closed.