Gwo malè pandje sou tèt kretyen vivan kap frekante tronson wout kolonyal Pòdpè ak Ba Nòdwès

256

11\23\20

Moun kap frekante rout Lasalin ki trouve li nan 6è seksyon komin Pòdpè, mande pou MTPTC sispann kwaze pye l ak fèmen je’l sou mizè rere vwayajè yo ap pase sitou lè lapli tonbe.

Divès chofè taksi moto, mele ak pasajè ki sòti nan 4 komin ba nòdwes tankou: Mol Sen Nikola, Jan Rabel, Bondadopolis ak Bèdeyèn, pat mete dlo nan bouch yo pou denonse eta deplorab wout kolonyal la. Malgre tout gro materyèl lou ke chèf leta a bay pou sèvi depatman nòdwès la, sa pa anpeche anpil tronson wout kontinye ap deteryore. Sitiyasyon sa a gonfle machwè moun kap fè va e vyen sou wout Pòdpè ak Ba Nòdwès. Nan moman nap pale la, wout Lasalin tounen yon letan, ki sanble tèt koupe ak yon rizyè diri.

Fok nou di malgre dives travay ki demare nan depatman nòdwès la, populasyon an gen gro enkyetid akoz ampil travay ki komanse e ki pa janm fini, alòske responsab yo pa janm founi popilasyon an bonjan esplikasyon.

Nap soulinye gen anpil chantye ki kanpe se paske yo pa gen materyo aloske kretyen vivan ki an konivans ak kek endividu malfwa kap travay nan MTPTC nòdwès, pa sispann vann materyo tankou siman, fè pa bann e pa pakèt.

Jehrbson PETIT

Comments are closed.