Wanament/Kilti : “Alo Manman” se tit mizik yon jèn atis manman l mouri kite l depi lèl te gen 9 lane.

2,900

06-06-2022

Triboland, aprè dekouvèt yon vwà majestinn anndan yon mizik Jean Kendy “Holy Wo”, ap pataje kontni yon teks enpresyonan ki pa kanmarad nenpòt ki teks. “Holy Wo” esplike kisa l ta dwe ye si manman l te la e kòman l ta ankadre ak bèl konsèy e supò matènèl ou parantal.


“Alo! Alo! Eskize mwen!

Si jodi a mwen detounen’w,

mwen vin sou tonb ou pou’m deklare.

Nan vi’m ou te tout sak lavi,

men fason’w tale a banm tristès.

Nan kèm e rive banm degou,

menm jan ak Kris, ou inosan.

Wale ak plizyè twou nan men’w,

e ou te fiy inik granmè’m,

Menm jan mwen se inik gason,

ou pat vle wè mwen te soufri;

Anpil konsèy ou yo manman,

se gràs ak yo mwen egziste

Chak jou se sak ki fè mwen fèm,

yon malere ki banm sajès.

Pou’m ka rive anlè pi wo,

se lamizè te fè chwà mwen.

E vle pa vle fòk mwen aprann,

mwen fè tout sa poum adapte’m.

Selon pwomès ou yo manman,

ou te dim wap toujou ka la.

Kèlke swà jan sa kapab ye,

 lè vye nèg tonbwe nan bezwen.

Ou se sèl kid sou wout chemen’m,

lè touman yo kanpe ankwà.

Mwen wè tou nwà, mwen egare,

tanpri manman lonje’m lamen,

alo manman! San wou lavi’m ante,

Tankou yon jounen fink kòmanse,

 jounen dlo je kap vèse san.

Bourik fè pitit se pou repo zo do’l,

se te tout sa’m te reve wè.

Pou’m pot manje ba wou manman

malgre’m pat ko pare, ou ale nèt ale.

Se sam te vize fè mete’w sou pyedestal,

tout moun te wè sou nou yon maten flè dizè.

Lamò pa avèti tout rèv pa wè demen,

wi bèl manman wale, se pa sa’m reve wè.

Non Bondye glorifye, se sa pwomès la ye,

non’w pap sispan site, sa se ofrann kè pa’m.

Ak tout senplisite, poze anpè manman,

distans nou pa tropre, men souf nou rankontre.

Se sak te yon pwomès, wa’p la chak jou pou mwen,

ou te tout gid pou mwen lè wout lavi’m bloke.

Touman pasi pala, manman lonje’m lamen,

se rèl mwen jodia, mwen pa vle detounen’w.

Alo manman, alo manman, alo m’ap di manman”.

Konsa atis Jean Kendy alyas “Holy wo”, yon natif natal ki fèt 18 mas 1997, komin Katyemoren, depatman Nò peyi a. Atis la ki deja yon chouchou pou anpil melomann, ap mande supò tout moun ki kapab ankouraje l epi ede l avanse nan nivo profesyonèl. Rele’l nan
telefòn 49 38 5226.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.