Boukantaj kout zam ant lapolis ak gang kreye gro tansyon tranble janm nan mitan kapital la.

1,100

03-23-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon posti fim cowboy, gro boukantaj kout zam ant lapolis ak gang sangwen ame nan mitan sant kapital la, zòn Belè, yon jedi aprèmidi tèrè ak tranble janm nan divès kote nan Pòtoprens.

Nan yon konsè grok out zam nan nivo Pon Moren, fòs lòd yo tap miltipliye bwàs pou dejwe yon tantativ kidnapping. Alòske nan Pòs Machan, se te menm kad figi a; paran, machan, ti inosan  elèv lekòl tap jete poul yo pou eskive bal mawon ki tap soti nan plizyè direksyon.

Antouka, fòs lòd yo arive desann yon bandi sangwen e rekipere yon Toyota Land Cruiser blan ak 2 pistolè.

Comments are closed.