Edikasyon: Ansenyan Emmanuel Sanon denonse movèz kondisyon ansenyan ap konnen nan sistèm edikatif la.

987

01-25-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li bay laprès nan okazyon Jounen Mondyal Edikasyon an, 24 janvye 2023 a, anseyan Emmanuel Sanon pa mete dlo nan bouch li, pou denonse movèz kondisyon li di yap konnen nan sistèm edikatif la.

Selon edikatè a, jounen 24 janvye a, se yon jou enpòtan pou tout anseyan nan mond lan; sepandan pa bò lakay pa nou, nan peyi Dayiti, anseyan pa genyen fyète pou tèt yo, yap viv nan yon kondisyon ekzekrab, sa yap touche a, se yon salè tibèkiloz ki pa kapab repnonn ak ekjijans fanmiy yo, daprè sa li rapòte.

Anseyan Emmanuel Sanon ki di jodi a, se yon jou pou tout anseyan ta dwe ap fete e rejwi, men elas, yo pa kapab akòz yap kannnen anba moman difisil nan sistèm edikatif la.

Nap fè remake, edikatè Emmanuel Sanon nan okazyon an, repwoche ansyen depite yo ki pase nan palman an, li di ki pa jam vote lwa yon fason pou reglemante sistèm edikatif la nan peyi Dayiti epi mete lajan ki adekwat nan bidjè a ki pase yo ki te kapab pèmèt anseyan yo jwen yon salè 75 mil goud omwens kap kapab ede yo reponn ak ansanm bezwen fanmiy yo.

Nap siyale egalman nan okazyon an, pa genyen okenn aktivite ofisyèl ki òganize bò kote reprezantan ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon profesyonèl nan komin Tigwav, pou make yon parèy dat.

JOICY Arnold.

Comments are closed.