Pwotestasyon pou wout bloke Gwomòn : anwo pa monte, anba pa desann.

598

06/18/2021

Gwomòn_____(TRiboLAND) Soti ayè jedi 17 jen 2021 pou rive jounen vandredi 18 jen 2021 an, popilasyon Gwomòn ak Kanifis bloke wout ki soti nan Latibonit pou ale Pòdpè e sa ki soti Pòdpè pou ale Latibonit ak gwo kamyon machin ki kanpe anbandoulyè.

Mouvman sa fèt pou demanti fòmèlman prezidan defakto a, Jovenel Moise, ki di li konstwi wout soti kafou Jòf nan komin Gonayiv pou rive Ansafolè nan depatman Nòdwès la. Pwotestatè yo deklare ke yo pa genyen oken wout ki fèt bò lakay yo; asfat la fèt lakay yo men se lòt kote yo al vann li. Bagay sa a lakòz tout machin ak motosiklèt k ap antre, soti Pòdpè sanse bloke onivo Gwomón, depatman Latibonit depi 4 trè, maten vandredi 18 jwen 2021 an.

Ekip ki bloke wout la pa pèmèt okenn machin, motosiklèt e menm moun apye sikile. Se vre, lapolis nan komisarya Gwomòn nan te fè tantiv pou eseye debloke wout la; men se te nadmarinad pwiske apwè entèvansyon fòs lòd yo, popilasyon an mennen operasyon lòk wout nasyonal la pi rèd. Kidonk, anwo pa monte, anba pa desann!

N ap raple, pandan peryód kanaval nasyonal 2021 an, gouvènman PHTK a, te reyalize yon maskarad wout nan vil Pòdpè. Se yon wout ki kapab twonpe solèy men pa manzè lapli, paske chak fwa lapli tonbe sou vil la, Pòdpè antere anba labou fatra ak dlo santi. Pou kèk kritik se te “buzz” gouvènman defakto a te vle bay nan Nòdwès ak yon seri pwojè mòde lage yon fason pou te dechèpiye ti kès mèg Leta a.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.