Lapolis mete men sou yon lòt manman fanm gang 400 Mawozo arete nan Sidès.

03-23-2023
Bèl Lans, Ayiti__Manman fanm yon manm gang 400 Mawozo, Nathalie Augustin arete nan depatman Sidès peyi a.
Nathalie, alyas “Grenn Sik”, ki se anmourèz gang Roland Louis ke popilasyon komin Mabyòl la te pase alenfinitif semèn pase, te jwen arestasyon li yè aprèmidi e transfere jodi maten jedi 23 mas 2023 a, nan Bèl Lans.
Tankou jan sa konn fè nan kèk lòt peyi, lapolis ap devlope estrateji pou limen pwojektè sou reselè ou lyen familyàl, ki genyen bon rapò ak kriminèl yo.






