Plizyè enstitisyon piblik kou prive pase anba flanm dife epi vandalize nan site Faustin Soulouque la.

1,103

Divès enstitisyon piblik kou prive pase anba gwo flanm dife epi piye, jounen mèkredi 14 septanm 2022 a, se bilan 14e jounen manifestasyon nan vil Ti Gwav.

09-14-2022

Tigwav, Ayiti__(TRiboLAND) EDH, BNC, Tribinal Depè, Pakè, Sogebank, 3 ponp esans, san konte divès lòt enstitisyon piblik kou prive, pase anba gwo flanm dife epi pote ale tout bataklan kite andedan espas sa yo; se bilan dega manifestan yo nan vil Ti Gwav.

Dega ak aksyon sa yo rive fèt, dapwè sa korespondan nou rive rapòte; se nan lide pou bay yon repons ak premye Minis defakto a, Ariel Henry kite fè konnen manifestan yo nan TiGwav “ap danse Kanaval”.

Manifestan yo kipa deside kite lari a tout otan #3 gouvènman moun tèt san cheve yo pa bay peyi a blanch.

Comments are closed.