Si rimè pou gang anvayi vil Okay la ta verite, direktè polis aktyèl la ta premye antite ki merite envèstige

699
0
Share:
TRiboLAND

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Konpòtman ou aksyon delwayàl direksyon depatmantal polis Sant lan ki fasilite bandi sangwen Viv Ansanm yo kontwole e piye vil Mibalèa, pap diferan de tout sa ki kapab arive nan plizyè rejyon anndan peyia, patikilyèman nan Sid.

Rimè kap boujonnen sou yon evantyèl kòmando gang ame ki ap manniganse pou pran kontwòl vil Okay, dwe entèpele vijilans tout sitwayen ki genyen san Desalinn nan nan vèn yo; li dwe egalman ede nou konprann ki gro anje nan objektif gang yo ak pèsonaj ki alatèt direksyon polis la, nan Sid peyi a.

Pi gro erè popilasyon Sid la komèt, se te asèpte nominasyon Daniel Compère kòm direktè depatmantal nan peninsil sid la. Avèk tout sa ki egziste kòm enfòmasyon e evidans ki enkontounab, direktè Daniel ta sanble pa genyen yon bon pakou nan plizyè depatman, tout kote yo nome li. Evidans yo ta montre, se yon karaktè ki genyen apeti pou fè kòb avèk gang nan kesyon kidnapping, sezi ou fasilite pasaj machandiz komèsan yo nan diferan vil.

Genyen anpil evidans pandan pasaj li nan divès depatman ki pwouve ramifikasyon direktè Compère avèk gang ame rejyonal yo. Li enpòtan pou moun tankou Komisè Jean Ernest Muscadin, pa mete konfyans li sou yon konze tankou mesye Daniel Compère ki te deja afiche yon latriye vagabondaj nan depatman Latibonit, Nòdwès (gang Ti Bwadòm) e Grandans (kontenè). Se ta yon veritab kansè ki fè lajan tout kote li pase ki genyen mouvman gang e devlope relasyon doub ajan avèk yo e fasilite yo ransone ou kidnape sitwayen yo san kontrent. Volim biznis sal ou tranzaksyon finansyè kap fèt akoz ramifikasyon bandi ame, direktè lapolis rejyonal ak chanm komès nan yon seri depatman, lèse panse ke se enstriksyon fòmèl ke yo jwen bò kote òd yerachik yo.

Anpil nan direktè polis branch rejyonal yo, anpil fwà konpwomèt sekirite rejyonal yo nan objektif pou fè lajan; swa nan fasilite gang ame fè sa yo vle, oubyen chaje konmèsan gro magogo lajan lè bandi yo detounnen machandiz. Kidonk, rimè sou evantyèl plan gang sangwen yo pou anvayi vil Okay kapab byen vrè, e li kapab petèt enskri nan yon kad akwentans direktè a avèk kriminèl yo.

Share:

Leave a reply