Madanm yon gro tonton chèf gang anba men lapolis nan Latibonit.

1,196

03-22-2023

Esline Destin, se non Madanm chèf gang Baz Gran Grif la, Luckson Elan, ke lapolis poze lapat sou li, jounen mèkredi 22 mas 2023 a nan Latibonit.

Sen-Mak, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon anons komisè gouvènman Pakè Sen-Mak la, Mèt Benson François fè laprès, jounen mèkredi 22 mas 2023 a, li fè konnen lapolis nan komin sila fouke Elsine Destin, ki se manman fanm chèf gang Baz Gran Grif la, Luckson Elan kap opere nan Savyen.

Revelasyon an fè kwè ke, lapolis arive retrase apèl ki efektye ant prezime kriminèl fanm lan ak mari li, ki mete dlo nan je yon latriye inosan, swa nan kidnapping, swa nan touye e bwile tou vif e swa nan ekspilse sitwayen yo nan Vale Latibonit lan.

Nouvèl arestasyon sa a, ta pral soulve kolè majorite manb chèf gang Baz sila, sa ki ta pral lakòz divès kout bal tap boukante pasi pala nan plizyè kwen nan komin nan depatman Latibonit lan.



Comments are closed.