Anseyan Lekòl Piblik, Prive, Pronec ak Psugo, monte tant yo devan direksyon depatmantal Edikasyon Nòdwès la

326

Pòdpè____(TRiboLAND) Pwofesè Lekòl Piblik ak Prive yo nan Nòdwès, plante pikèt yo maten lendi 10 out 2020 an, devan biwo direksyon depatmantal edikasyon Nòdwès la.

Pwofesè sa yo ki te genyen pannkat nan men yo ki dekri divès revandikasyon yo te adrese bay mouche Leta tradwi detèminasyon edikatè sa yo ki deklare tout tan responsab yo pa reponn ak demann yo, bagay lekòl nan Nòdwès la, patikilyèman nan peyi Dayiti, se bliye sa!

Enseyan pwotestatè sa yo ki te vrèman ankòlè akoz polisye UDMO ki te deja boukle ak ansèkle, direksyon depatmantal edikasyon Nòdwès la yon fason pou te fasilite echèk sitting lan. Selon edikatè yo ki te mekontan de prezans fòs espesyàlize UDMO a, fè konnen ke Jovenel Moise ansanm ak dirèktè depatmantal la vle transfòme direksyon depatmantal la an yon veritab “Komisarya”.

Kanta pwofesè lekòl prive yo, Prezidan Jovenel Moïse te pwomèt yo sibvansyon pandan peryòd konfinman an; pwofesè Pronec ansanm ak pwofesè Psugo ki gen plis pase 10 lane depi yo pa touche yon goud, te pwofite mande otorite yo nan Leta a sispann woule moun nan farin.

Konsa, pwofesè yo fini pou di depi jounen lendi 10 out 2020 sa a, aplikasyon aktivite kalandriye yo a deja demare, atravè tout depatman Nòdwès la, patikilyèman nan peyi Dayiti pou fè Leta sa a tande larezon avèk larèg.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.