Ansyen majistra vil Senlwidinò a, Grelet Bouzi estime se absans espri yo ki lakoz kalamite peyi a.

11-02-2022
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Ansyen majistra vil Senlwidinò a, Mèt Grelet Bouzi nan yon deklarasyon fè konnen li pa kapab kite moman sa pase inapèsi, paske se lwa yo kite bay peyi Dayiti endepandans. Premye novanm se lè pou onore lespri yo; se tout moun ki kwè nan lespri vodou a ki pou bay lwa yo omaj pou viktwa nou te ranpòte sou kolon pèsekitè yo. Li kontinye poul di, si nou kap pale de Ayiti, se gras ak lwa yo.

Kanta pou anpil ayisyen ki pa kwè nan pwisans lwa yo, Mèt Bouzi fè konnen se enpòtans nou pa bay vodou a ki fè peyi a ap soufri konsa, paske se espri yo kite bat lame Napoleon 1è novanm 1803. Aprè endepandans, nou vin krisyanize nou, nou rejte anpil bagay. Se sa nap peye la jounen jodi a.
Pou fini, ansyen majistra vil Senlwidinò a, estime se peyi a kap mal fonksyone ki lakoz tout enstans yo ap mal mache tout kote nou pase. Li swete yon antant nan mitan tout aktè konsène yo, pou mete peyi a sou ray devlopman dirab tout moun ap tann nan.
Pierrilien Nicol Colly






